Byenveni lakay Stelle & Équilibre.

“Sa ki nan kè pa dwe rete nan bouch.”

Kiyès mwen ye

Mwen akonpaye w pou w konprann emosyon ou, soulaje chay mantal ou, epi retounen jwenn yon bon ekilib andedan w gras ak yon akonpayman ki estriktire, ki fèt ak anpil byenveyans, epi ki aksesib.

Nou ka mache ansanm nan sa ou santi epi rive pi lwen.

Mwen kontan anpil ou la, pou w vin fè pati bèl istwa sa a.

Paske pale nan lang manman nou, souvan sa ka pèmèt nou eksprime emosyon nou ki pi pwofon.

M'ka fé sa an Fransè oswa nan Kreyòl

 

Akonpayman mwen

“Lè kè chaje, bouch pale.”

Mwen ofri yon akonpayman ki estriktire, ki fèt ak anpil byenveyans epi ki aksesib, adapte ak bezwen espesyal chak moun.

Akonpayman mwen, chita sou konprann sa w ap viv epi ede w fè fas ak difikilte yo, m'pap fouye'w ni pale de la vi pèsonèl ou.
M'ap ba w zouti konkrè pou amelyore lavi w chak jou.

Gen kèk emosyon ki pa fasil pou pale…

Konprann emosyon ou

Aprann konprann siyal kò w ak lespri w pou w ka pi byen konprann sa w ap santi epi reyaji yon fason ki pozitif.
Mwen ede w idantifye mekanis emosyonèl yo.

Soulaje chay mantal la

“Kè ki pa pale konn tounen chay.”

Liberasyon anba pwa enkyetid chak jou ak panse ki repete san rete.
Mwen ofri w estrateji ak zouti pou w ka jwenn panse ki pi klè, ak plis trankilite nan kè w.

 

Si ou santi ou bezwen pale, ou ka kontakte mwen pou pran yon randevou.

 

Mwen pa fè dyagnostik epi mwen pa ranplase yon doktè, yon sikològ oswa yon sikyat.

Wòl mwen an, se ofri yon premye sipò ki estriktire epi, si sa nesesè, oryante w bò kote èd oswa resous ki apwopriye yo.